Ansyen premye minis sou gouvènman PHTK a reponn kesyon jij Merlan Belabre nan kad dosye CNE a.

798

04 – 13 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Ansyen premye minis Evans Paul reponn kesyon jij denstriksyon Merlan Belabre, jounen vandredi 12 avril 2024 la, nan kad dosye gagòt detounman materyèl nan Sant Ekiman Nasyonal la.

Ansyen premye minis PHTK ki kontribye nan efondreman peyi Dayiti, Evans Paul t’al reponn kesyon jij la kòm temwen, jan sa te parèt nan òdonans ansyen jij denstriksyon an, Al Duniel Dimanche.

Ansyen premye minis lan ki te akonpanye avoka li yo nan moman an, fè konnen, l’ap rete disponib e dispoze pou nenpòt lè lajistis voye rele li nan kad dosye sila.

Comments are closed.