Responsab BDS Leyogan, DDS, DLFS, ak chèf defil mouvman pwotestasyon elèv Lise yo, chita pale pou jwen yon solisyon

102
0
Share:
TRiboLAND

11 – 11 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Responsab biwo depatmantal Lwès nan Leyogan, (BDS), akonpaye direksyon depatmantal adjwen Lwès 1 (DDS) lan, chita pale ak direksyon Lise Fosten Soulouk Tigwav (DLFS) la, chèf defil mouvman elèv protestatè yo, jodi mèkredi 11 novanm 2026 lan.

Daprè aktè yo, chita pale sa a fèt, se nan lide pou jwen yon solisyon dirab nan sitiyasyon kriz k’ap brase bil etablisman Lise Fosten Soulouk Tigwav la. Konsa a, aprè aktè konsène yo te fin fè tande doleyans yo, yo te rive jwen yon antant kote liseyen yo deside rantre nan sal klas yo, annatandan leta Ayisyen atravè ministè edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonnèl repon’n ak ansanm revandikasyon anseyan yo nan Tigwav.

N’ap fè remake, liseyen yo te manifeste yè madi 10 novanm lan, toujou nan lide pou reklame anseyan nan sal klas yo. Yon manifestasyon ki fini anba gwo van vyolans lapolis nan Tigwav kote yo te lanse anpil gaz lakrimogèn sou elèv manifestan yo. Konsa, plizyè nan etidyan yo nan kouri arive blese nan tèt; genyen nan yo ki endispoze anba gaz e transpòte nan sal ijans lopital pou swen ka yo nesesite.

Share:

Leave a reply