Sogebank pri nan saltenbank nan Ti Gwav

205
0
Share:
TRiboLAND

08 – 12 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Enjenyè sivil Francillon Gamal, se non yon sitwayen kap viv nan vil Tigwav; nan yon interview li akòde ak laprès jodi mèkredi 12 dawout 2026 lan, sou galeri Sogebanck lan, pa mete dlo nan bouch li pou denonse 2 tranzaksyon li di ki fèt sou yon kont li genyen nan Sogebank ki travèse sou yon lòt kont kliyan ki pote non Gédéon Jean Gardy, daprè sa responsab yo nan enstitisyon Sogebanck ta rapòte li. Alòske li di li pa fè oken’n tranzaksyon ni li pa bay moun otorizasyon pou fè tranzaksyon sou kont li.

Teknisyen an ki di li genyen abitid kontwole kont li an liy, nan lannwit jedi 16 jiyè li kontwole kont li, li te konfime li genyen 14, 523 dola Ameriken; alòske nan maten vandredi lè li rekontwole, li wè genyen 2 retrè ki fèt sou kont li. Yon retrè pou yon montan 9, 000 US, e 2èm lan se 4, 000 dola.

Kidonk, Enjenyè a fè konnen lajan an pa pou li, se lajan kliyan mete sou kont li pou l fè travay, li bezwen lajan moun yo, se woule yap woule li nan farin; li fè kwè, li oblije pran yon jij depè akonpaye grefye li pou al konstate eta dega yo fè sou kont lan.

Nan sans sa a, enjenyè Francillon Gamal di li pral pote plent nan lajistis nan jiridiksyon Tigwav pou fòse otorite yo nan enstitisyon Sogebanck Tigwav remèt li lajan kliyan yo. Antouka, Sogebank pri nan saltenbank nan Ti Gwav; pou anpil moun nan vil la, yo estime ke sasen ou eskanmòte ap feraye nan site Fosten Soulouk la gro midi.

Share:

Leave a reply