Asosyansyon chofè taksi ATIDESH prezante bilan travay yo reyalize pandan 6 lane egzistans yo Tigwavyèn.

1,092

02-03-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans asosyasyon taksi pou devlopman sekirite Dayiti (ATIDESH) bay laprès aprè midi vandredi 03 fevriye 2023, li prezante bilan travay yo rive reyalize pandan 6 lane depi yo ap feraye nan kominote rejyon gwavyèn nan.

Pòt pawòl ATIDESH la, Jolicoeur Alfonse fè konnen pandan lane sila a, yo reyalize divès aktivite tankou:
1) Fòmasyon pou manm li yo nan zafè sikilasyon .
2) Yo kreye yon sòl pou man yo, atravè sòl sila a, yo chanje plis pase 50 motosiklèt ki te ize epi ranplase y oak sa ki nèf.
3) ATIDESH arive kreye yon mouvman ki rele “Aksyon Sivik” yon fason pou asise paran elèv ak rès manm nan popilasyon an kap travèse lari nan peryòd lekòl.
4) Yo rantre nan yon seri baz taksi, yo kreye divès komisyon tankou: zòn Kafou Fondou, Mawòz ak baz bò Gran Mache kominal Tigwav la elatriye…
5) Yo kreye yon mityèl solidarite pou prete popilasyon an lajan.
6) Enfen ATIDESH akonpaye plis pase yon santèn manm li ki viktim swa ka aksidan sikilasyon ou byen ka ensidan daprè pòt pawòl la Jolicoeur Alfonse.

Pòt vwa ATIDESH la preche inite nan mitan sektè taksi a, pandan l mande yo pou fè anpil pridans, sitou nan aswè lè yo pral depoze yon moun; fòķ yo genyen kontwòl li pou yo pa viktim anba men nèg ak gwo zam fann fwa epi kap pote ale motosiklèt yo.

Nan okazyon an, mesye Jolicoeur pa mete dlo nan bouch li pou l kritike sèten chofè taksi li di kap pwofite pran woulib sou do yo nan fè move zak pou sal imaj vrè chofè taksi ki itilize motosiklèt yo pou chache lavi bay fanmi yo.

Toutfwa, pòt pawòl ATIDESH la Jolicoeur Alfonse, pwofite remèsye Bondye an premye ak tout sektè tankou: laprès, lameri, lapolis, lajistis, gwo kout chapo pou reprezantan sektè sante a doktè Fred Jasmin. Li rapouswiv pou li di ke notab yo ak rès manm nan popilasyon an malgre difikilte, yo te toujou pote kole ak yo ki rann yo egziste pandan 6 lane sila a.

JOICY Arnold

Comments are closed.