2 gason mouri sispèk nan kolera epi 32 lòt enfekte nan 8èm seksyon kominal Tigwav.

988

12-19-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Epidemi kolera a, pa sispann fè viktim nan divès seksyon kominal Tigwav, kote 2 gason mouri sispèk nan kolera nan lannwit samdi 17 pou louvri 18 desanm 2022 a. Akote sa, genyen 32 lòt enfekte e kouche nan yon sant sante 8èm seksyon kominal Tigwav ap resevwa swen ka yo nesesite, selon kòdonatriis katèl Kazèk seksyon an.

Prezidant katèl Kazèk 8èm seksyon an, madam Iracide Desgranges, deklare se movèz pratik dijyèn ak absans dlo pòtab ki la akoz peyizan yo ap trape kolera a.

Nan sans sa a, kodonatris katèl Kazèk 8èm seksyon kominal Tigwav la, lanse yon SOS bay Leta ayisyen atravè Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pou vini pote yo sekou nan prokire: doktè, enfimyè, materyèl, medikaman, prela, bwa 2/4 epi mete yon ekip mobilizasyon yon fason pou sensibilize abitan yo pou yo konprann nesesite pou yo pwoteje tèt yo pou yo pa trape kolera a.

JOICY Arnold

Comments are closed.