Chanm finansyè CSCCA ap tande jodi jedi a dosye Yanick Mézile ak Jacques Ted Saint-Dic la

488

05/20/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Chanm finansyè nan Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif (CSCCA) ap tande jodi jedi 20 me 2021 an plizyè dosye. Pami dosye yo ou jwen: dosye odit sou jesyon Marie Yanick Mézile, majistra Delma pou peryòd jiyè 2015 rive jwen 2016 ke chanm finansyè CSCCA ap tande.

Afè ki gen pou wè avèk dechaj pou Jacques Ted Saint-Dic, direktè jeneral OFATMA a pràl fokis sou peryòd avwil 1990 rive janvye 1992 ak direktè jeneral ministeè Afè Sosyàl pou peryòd 13 septanm 1993 rive pou 30 septanm 1994 ap odisyone tou nan chanm finansyè CSCCA.

E finalman, responsab chanm finansyè CSCCA a ap gen pou fè bat bouch tou sou jesyon Marie Grand-Gosier pou peryòd oktòb 2018 rive septanm 2019, dapwè sa CSCCA anonse atravè yon tweet.

Comments are closed.