Matisan : Bandi sangwen sakaje, piye e menm ale avèk yon kòfwefò nan yon sukisal SOGEBANK

529

06/22/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan lanwit lendi 21 pou rive madi 22 jwen 2021 an, gang ame sangwen arive kase, piye e menm bwote ale yon kòfwefò nan yon sukisal SOGEBANK nan Matisan, kote ke zàk vyolans yo pa sispan miltipliye.

Selon rezidan yo, bandi sangwen yo te ame ak zouti demolisè tout kalite ki te fasilite yo penetre espas komèsyàl la jiskaske yo te pati ak kòfrefò enstitisyon an san enkyetid. Konsa, lapolis te fè remake absans li pi ke jamè!

Akote yon parèy zàk, malfwa sanginè yo te pwofite ransone plizyè malere rezidan, san oken fòm pwosè.

Comments are closed.