VIANO ” Vizyon Andikape Nòdwès” fete 31 lane egzistans li

194

11\27\20

26 Nov 1989 – 26 Nov 2020, sa fè VIANO 31 rekòt kafe depi l ap feraye atravè depatman Nódwès. Nan okazyon an, divès enstans tankou Lapolis, OPC (ofis Pwoteksyon Sitwayen), Responsab dwa moun…pou n site sa yo sèlman te reponn prezan.


VIANO ki se Vizyon Andikape Nòdwès, se yon òganizasyon ki kreye nan objektif pou ranmase doleyans moun andikape yo answit soumèt yo onivo Pòtoprens, selon kowòdonatè depatmantal mouvman sa a, Jean Baptiste Méprilus ki fè konnen jounen 26 Novanm 2020 sa a, se yon jounen pou yo fè pase revandikasyon yo pou rezon sa yo:

1- kòm andikape, moun avèg yo sitou pa benefisye anyen sou prezidans Jovenel Moïs la.

2- Moun ki avèg yo, je yo ak pye yo se lajan nan pòch yo. Savledi se mwayen ekonomik pou yo genyen yon fason pou y al vire lari alòske Leta sa a pa konn egzitans yo, ale wè pou yo ta founi je gade kòman y ap viv.

3- Fòk yo gen yon biwo nan depatman Nòdwès ki rele yo chèmèt/chèmètrès akoz absans Leta a anndan sektè andikape a.

Moun andikape yo, sitou sila yo ki avèg yo ki pa gen ni rele ni reponn e ki te patisipe anndan selebrasyon sila a te ale nan menm sans ak kowódonatè yo a, savledi pou Leta mete yon biwo disponib pou yo kapab fè pase doleyans yo.

Pou n fini, andikape yo nan Nòdwès pa t mete dlo nan bouch yo pou kritike gouvènman Jovenel Moise la yo di ki pa ba yo ankenn akonpanyeman.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.