Direktè sikisal SOGEBANK nan Daguin an, deside mete van nan vwal li, aprè yon premye seyans odisyon nan DCPJ.

1,274

Ralph Antoine, pran ra gagann nan zafè kòripsyon lajan kliyan nan sikisal SOGEBANK Daguin an, ki sityel nan komin Petyonvil.

06-01-2023

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Ralph Antoine, kise direktè sikisal SOGEBANK Daguin an, deside mete van nan vwal li, aprè premye seyans odisyon li nan DCPJ.

Enfòmasyon kap sikile yo fè kwè, direktè sikisal SOGEBANK lan, ki ta kapab enplike jis nan zo, nan detounen lajan kliyan bank lan, konplis pou vòl, abi konfyans ak asosyasyon malfektè; lage pyel nan peyi blan meriken alòske, Direksyon Siperyè Polis Jidisyè ap chèche’l kou chen fou pou arete l.

Boude yon premye ak yon dezyèm envitasyon nan lakou DCPJ, pòt pawòl PNH la, Garry Desrosiers ki tap pale fè konnen, menm si, direktè a pran kostim mawon mete sou dol, nan jou kap vini la yo,yo pral remèt ENTÈPOL dosye a.

Li enpòtan pou konnen, anviwon 3 anplwayè deja anba kòd nan kad dosye sila, kise detounen ak vòlò lajan kliyan yo.

Comments are closed.