Konseye lòd bawo avoka yo nan Tigwav, drese yon tablo nwa fas ak movèz sitiyasyon difisil tribinal yo, ap konnen nan jiridiksyon an.

385
2
Share:
TRiboLAND


07 – 11 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès nan kabinè li, m nan Tigwavkredi 10 jiyè 2024 la, konseye lòd bawo avoka yo nan Tigwav, mèt Germain François, drese yon tablo nwa fas ak sitiyasyon difisil tribinal depè yo ap konnen depi yon bon bout tan.

Vyalè, Sant vil Tigwav, Gran Gwav ak Leyogan, se kèk komin ak Katye ki genyen tribinal nan jiridiksyon an, ki pa genyen ni kay ni biwo ak chèz pou yo fonksyone, akòz anpil nan tribinal sa yo te pase anba dife militan politik nan Tigwav ak Gran Gwav, selon met François.

Mete sou sa, genyen absans jij depè nan tribinal yo, tankou tribinal Tigwav la ki genyen 4 jij kap desèvi 9 seksyon kominal, san konte sant vil la; youn abite Leyogan e li pa vini souvan, youn transfere e youn vwayaje ak fanmi li. Kidonk, se sèl jij Winy Fred Noël-Saint ki travay soti lendi pou rive vandredi.

Se menm kad figi a, pou tribinal depè komin Gran-Gwav la, ki te genyen 3 jij, youn abite Leyogan, ki pa kapab vini chak jou, youn transfere e yon lòt la vwayaje ak tout fanmi ni nan pwogram Imanitè Joe Biden nan.

Pou tout rezon sa yo, konseye lòd bawo avoka yo nan Tigwav, mèt Germain François, mande CSPJ, nouvo minis jistis ak sekirite piblik la, mèt Carlos Hercule, pou voye je gade lajistis la nan jiridiksyon an, pou nome nouvo jij depè nan tribinal yo epi mete mobilye ak materyèl woulan pou pèmèt jij yo fè travay yo san gwo difikilte.

Share:

2 comments

Leave a reply