Lapolis nan tèt kole ak lajistis nan Tigwav mare kou krab yon ajan sekirite meri Tigwav pou zam ilegal

163
0
Share:
TRiboLAND

03 – 04 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapolis nan tèt kole ak lajistis nan Tigwav, mete anba kòd yon ajan sekirite lameri ki pote non Jeff Estagène ki tap sikile ak yon zam ilegal nan men ni pandan 2èm week-end festivite sezon rara 2026 a.

Lapolis ki pat prantan pou defere Jeef Espagène jounen lendi 03 mas 2026 lan, devan lajistis, yon fason pou al repon’n kesyon jij natirèl li sou sa yo repwoche li. Jeff ki tap pran plèzi li nan ban’n rara Ògèy Lajenès, daprè pwesizyon otorite konpetant yo arive bay.

Toutfwa, komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Danilo Valès ak komisè polis lan, Herard Joseph, deklare yo renouvle volonte yo nan sa ki genyen pou wè avèk trake tout endividi ki mete nan tèt yo, yo kapab twouble lòd piblik pandan dewoulman festivite sezon rara a, pou ane 2026 lan. Yo mande tout patisipan pou yo fè prèv moun ki sivilize!

Share:

Leave a reply