4 MALFWA KI ESPESYALIZE YO NAN ZAK VYÒL, BWAKAJ , FIMEN BÒZ ANBA KÒD BYEN BONÈ MATEN JEDI 09 JEN 2022 A.

2,330

06-10-2022

Gonaiv, Ayiti____(TRiboLAND)Nan kad yon chita pale ak laprès, komisè gouvènman jiridiksyon pou ti bout tan vil Gonayiv la, Mèt Vanel Amisial deklare genyen 4 endividi nan riyèl Robè, katye Asifa ki espesyalize yo nan zak bwakaj, vyòl ak fimen bòz ki jwenn arestasyon yo byen bonè maten jedi 9 jwen 2022 a.

Paralèlman, on lòt bò komisè a ki retounen pou yon dezyèm fwa nan tèt pakè a fè konnen li patap dòmi jan anpil ap dil la, men se pito teren an li tap analize yon fason pou byen derape ak travay la nan site Endepandans lan.

Nap soulinye fenomèn blakawout ka kontribyen nan zak bwakay ak vyòl yo kote malfwa yo pran plezi yo kanpe sou wout nasyonal yo nan fènwa byen bonè douvanjou epi fè move aksyon.

Antouka, gro kesyon an, ki lè moun ap sispan peye pou blackout nan vil Gonayiv?

Comments are closed.