Gransid : Enstalasyon yon nouvo jij nan Kou Dapèl Okay la

161
0
Share:
TRiboLAND

03 – 11 – 2026

Okay, Ayiti _____ (TRiboLAND) Nan yon seremoni ki òganize madi 10 mas 2026 lan, visprezidan Kou a, mèt Emmuel Taitalle pwosede ak enstalasyon yon nouvo jij, mèt Emelaire Hilaire an prezans divès pèsonalite nan sistèm jistis la tankou: prezidan Kou Dapèl la, Konsèy lòd avoka yo nan jiridiksyon an, grefye, isye yo, avoka yo ak anplwaye yo elatriye.

Vis-prezidan Kou Dapèl la, mèt Emmanuel Tataille, nan diskou sikonstans lan, te ankouraje mèt Emlaire Hilaire pou l fè travay li avèk anpil pwofesonalism ak serye, jan lalwa egzije sa. Mèt Tataille ki raple jij lan, li dwe kontinye travay sou menm lanse paske daprè li, pwmosyon sa a, mèt Emelaire pran pou l vini jij Kou Dapèl la, se pa yon kado yo fè l. Li kwè, se bon konpòtman li, kondwit li, esperyans li ak onètete li nan majistrati a.

Li enpòtan pou nou fè tout moun konnen ke mèt Emelaire Hilaire pase anviwon 30 lane ap sèvi majistrati a nan jiridiksyon Tigwav la.

Share:

Leave a reply