Yon fenomèn pinèz tonbe atake kay peyizan yo nan Ba 12èm seksyon kominal Tigwav.

832

04 – 15 – 2024

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon fenomèn pinèz tonbe atake kay peyizan yo nan 12èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Bwachandèl Potye ak Dikiyon, selon kòdonatè òganizasyon entegre pou devlopman agrikiltè (OEDA) nan zòn nan, Eligène Theogène ki anonse nouvèl la, nan kad yon entèvyou li akòde ak repòtè TRiboLAND jounen lendi 15 avril 2024 la.

Responsab estrikti a, fè konnen, fenomèn pinèz la, fè gwo enpak negatif sou lavi peyizan yo ki daprè li depi nan mwa janvye pou rive mwa 15 avril la, pinèz yo ap miltipliye e ap sakaje sitwayen yo nan milye peyizan yo.

Nan sans sa a, alatèt òganizasyon entegre pou devlopman agrikiltè a, Eligène Theogène mande ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) ak UCS rejyon gwavyèn pou fè entèvansyon yo prese-prese nan Ba 12èm seksyon kominal Tigwav la, yon fason pou amelyore soufrans peyizan yo anba fenomèn pinèz la.

Comments are closed.