SOS : Manm popilasyon an nan komin Bomon deklare se nan rèv sèlman yo wè sa ki rele dlo potab

126
0
Share:
TRiboLAND

08 – 09 – 2026

Bomon, Ayiti____(TRiboLAND) Abitan yo nan komin Bomon ap fè fas ak gro pwoblèm dlo potab pou sèvis domestik yo. Itilizasyon dlo lapli, se youn nan mwayen rezidan yo nan Bomon anplwaye pouf è fas kare ak ratman dlo; sepandan, sa genyen plizyè mwa, lapli pa vizite rejyon an.

Dlo lapli te fasilite peyizan yo bwè ak fè manje, benyen, ak lave. Jounen jodia, prèske pa genyen pwatik sa tèlman. Lapli pa tonbe e tout ti filyè sous dlo te deja disparèt ak tout DINEPA ke moun sèlman wè nan rèv.

Sitiyasyon sila ki menase Bomon pa piti! Kèk moun tankou mesye Tal Louides, oblije ale boske dlo jous nan yon rivyè kap desose, pou arive vann dlo nan gallon, swa san senkant goud pou 3 galon. Antouka, bwa a mare pou popilasyon bomontwaz la ki deja ap sibi konsekans yo ki se : sechrès, gratèl, fyèv, tifoyid elatriye…

Kidonk, si leta pansman an ak enstans konsène ki kwè nan dwa moun, pa bay dèyè yo 2 tap, pita ap katastwofikman pi tris!

Share:

Leave a reply