CTE Pòdpè a voye plizyè anplwaye ale, daprè sèten responsab nan biwo depatmantal la

08 – 02 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) CTE Pòdpè a kap bay sèvis sou non DINEPA voye plizyè anplwaye ale. Daprè responsab kap jere enstitisyon an depi aprè eskandal koripsyon ki te pase yo, se yon desizyon ki pran nan wo nivo direksyon an yon fason pou ede yo fè fas kare ak yon seri kriz.
Anplwaye sa yo ki te sou kontra, ale ak anpil kòlè paske yo estime se yon desizyon ki pran pou kraze pi piti yo, alòske yo se veritab moun ki pèmèt lajan antre nan enstitisyon an, nan bon jan travay yap fè sou teren.
Plizyè nan anplwaye sa yo boude tankou kong akoz responsab yo ba yo yon seri chèk krizokal; rive labank yo trouve se yon seri chèk ki pa gen pwovizyon.






