Politik la ta dwe yon vizyon komen pou chanje yon peyi, men pa pou detwi l

215
0
Share:
TRiboLAND

08/09/2026

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Daprè ansyen Batonye Òd Avoka Pòdepè a, Me Job Louis Nan yon peyi kote deba politik yo souvan make pa divizyon, konfli ak enterè pèsonèl, kesyon sou vrè wòl politik la vin pi enpòtan toujou. Se nan kontèks sa a ansyen Batonye Òd Avoka Pòdpè a raple nesesite pou politik la retounen sou objektif fondamantal li : mete ansanm vizyon ak fòs sitwayen yo pou konstwi yon peyi miyò.

« La politique doit être une vision commune des choses pour changer un pays, mais pas pour le détruire », se youn nan prensip li mete devan pou montre politik pa ta dwe tounen yon mwayen pou kraze sa ki egziste, divize popilasyon an oswa sèvi enterè yon ti gwoup.

Pou ansyen Batonye a, fè politik pa dwe limite sèlman ak chèche pouvwa. Li dwe genyen yon vizyon ki depase enterè pèsonèl ak enterè patizan. Se yon pwojè kolektif kote diferan sektè nan sosyete a kapab jwenn yon pwen rankont sou kesyon fondamantal peyi a.

Nan lojik sa a, diferans opinyon yo pa dwe nesesèman tounen sous konfli. Okontrè, yo kapab sèvi kòm yon richès pou konstwi pi bon solisyon pou popilasyon an.

Yon politik ki chita sou vizyon komen dwe bay priyorite ak kesyon tankou edikasyon, jistis, sante, sekirite, agrikilti, enfrastrikti, kreyasyon travay ak bon jan gouvènans.

Nan yon demokrasi, opozisyon gen yon wòl enpòtan. Li dwe kapab kritike aksyon yon gouvènman, denonse move pratik epi pwopoze lòt altènativ. Men, kritik politik pa ta dwe vle di destriksyon enstitisyon yo oswa sabotaj tout sa ki kapab itil peyi a.

Se la diferans ant fè politik pou chanje peyi a ak fè politik pou kraze peyi a kapab parèt.

Yon aktè politik kapab pa dakò ak yon desizyon san li pa oblije chèche kraze enstitisyon ki pran desizyon an. Li kapab pwopoze yon lòt vizyon san li pa bezwen mete peyi a nan kriz.

Mesaj ansyen Batonye an pote tou yon apèl pou aktè politik yo mete enterè nasyonal la an premye. Lè enterè pèsonèl, ekonomik oswa elektoral vin pi enpòtan pase avni peyi a, politik la riske pèdi sans li.

Yon peyi pa ka devlope si chak gwoup ap chèche sèlman pran pouvwa pou sèvi tèt li. Devlopman mande yon minimòm konsansis sou objektif nasyonal yo ak yon volonte pou travay ansanm, menm lè gen dezakò politik.

Share:

Leave a reply