Kominote Byari benefisye yon lòt fwa ankò benefisye prezans Fondasyon TRiboLAND atravè 2 jounen fòmastion gratis sou artfloral ak dekorasyon

318
0
Share:
TRiboLAND

11/21/2025

Basenble, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou kontinye lage kichoy ekonomik ak pou pwoteje move zwazo fè dap piyanp sou sa yo ki vilnerab atravè peyi Dayiti; Fondasyon TRiboLAND pote yon lòt fwa ankò sèvis fòmasyon pou lokalite Byari, Omonstik, sou komin Basenble.

Aprè ke yo te deja resevwa fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik ak agwo-endistriyèl, popilasyon nan Byari ak plizyè lòt lokalite resvwa 2 jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon nan dat ki te madi 18 ak jounen vandredi 21 novanm 2025 lan.

Devan plis pase yon senkantèn jèn melanje ak granmoun, Fòmatris Lachemide Exilien, ki metrize domèn dekorasyon ak art floral la trè byen, t’ap depoze e pataje san rezèv tout lanvè landwàt disiplinn nan avèk yon odyans ki te swaf nan boske konesans. Yon bon latriye jèn te soti nan diferan kwen; anpil nan yo eksprime gratitid yo fas ak yon sèvis gratis ki rive jis lakay yo, malgre kondisyon aksesibilite wout yo ki bay anpil lawouli.

Premye jounen an te plis chita plis sou art floral, yon seri disiplin ki te chita plis sou aranjman estetik, panye ou boukè donè, òneman evenemansyèl ak seremonyèl. Alòske, jounen vandredi 21 novanm 2025 lan, seyans yo te plis chita sou konpozisyon dra an vwàl ak dekò de fon elatriye.

Antouka, sa pa genyen lontan depi kèk zòn rejyional tankou La TiPlas ak Kawodati te deja resevwà seyans fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND yo; temwanyàj yo revele ke se te devwà akonpli, kontantman ak satisfaksyon pasispan pa sispan mete plis detèminasyon lakay responsab TRiboLAND yo ki genyen yon inik sasèdòs ki se dekouraje jèn anndan peyi Dayiti antre nan pwostitisyon, delenkans jivenil ak inisyasyon gang ak eksplwàtasyon malfektè politisyen.

Share:

Leave a reply