Pastè Sony Étienne plede pou yon bonjan envestisman nan Dichity.

301
0
Share:
TRiboLAND

07- 08 – 2026

Dichity – Ayiti (TRiboLAND) Pastè Sony Étienne, prezidan misyon Église de Dieu nan senkyèm seksyon komin Pestèl, ankouraje moun ki gen kapasite finansye pou envesti nan komès, edikasyon, sante, ak agrikilti yon fason pou asire devlopman dirab nan Dichity.

Etienne pwopoze pou Dichity ta vin yon pòt antre pou depatman Grandans lan akòz pozisyon jewografik li nan antre sid Grandans lan. Konsa, sa tap fasilite yon seri antre ak krese sere ekonomik jenere e ki ap kapab reponn ak egzijans moman an.

Daprè Pastor Étienne, li pa lojik pou yon bèl zòn tankou Dichity pa gen sistèm ponp gaz, mache, inivèsite, oswa gwo mache piblik pou vann pwodwi yo tankou zonyon, pwav, pwason, ak anpil lòt pwodwi agrikòl. Li sijere ke pwodwi sa yo, ki san sibstans genyen anpil gro enpòtans pou sante konsomatè yo; yo pa genyen pwodwi chimik ki mòtèl.

Anplis, Pastè Étienne mete aksan sou bezwen Dichity; li fè eta nesesite yon plan pozisyonman ki kòrèk sou plan jeyografik lokalite a ki se veritab antre depatman Grandans lan. Pou li menm se yon pòt ki ta dwe louvri pou devlopman kominote a.

Finalman, lidè eklezyastik la, ankouraje leta ak sektè prive pou angaje yo pran Dichity an chaj pou avanse devlopman ekonomik, sosyal, ak enfrastrikti nan zòn nan.

Share:

Leave a reply