Grandans vyolans: Enòmite krim kap miltipliye ou anrejistre nan Komin Bonbon, bay anpil lawouli.

1,121

02-13-2023

Bonbon, Ayiti_____ (TRiboLAND) Selon revelasyon kèk abitan nan komin Bonbon, nan depatman Grandans lan fè nan mikro TRiboLAND, bandi san fwa ni lwa, ou asasen kap komèt zak kriminèl nan rejyon an, pa pè ni pè ni pap. Yo egzekite krim yo san krent e defye otorite yo san enkyetid.

Nan komansman ane 2023 nan zak malfektè yo pran yon nivo tèt chaje nan premye seksyon kominal Bonbon zòn Dezòmo, kote yon prezime kriminel te akize yon jèn gason kòm moun kap pratike sòsèlri demonyak e fè konpozisyon “poud zè” pou detri lavi moun ak zannimo. Konsa, yo te rantre lakay manman l epi rache jèn gason an ak kout manchèt.

Anba 2 nawè otorite lokal yo tankou kazèk, majistra ak notab; yon parèy zak te arive fèt. Se konsa, pat genyen ni manda e ni arestasyon ki te pran kont kriminèl la.

Ankò pou yon ènyèm fwa, bandi san fwa ni lwa pandan week-end lan toujou nan komin Bonbon, asasinen yon peyizan ki rele Gilbert Pierre Louis. Yo dekapite li, yo koupe pati entim li, yo koupe yon ponyèt li, epi lage’l nan kwen yon plaj. Motiv krim tèrib sa, selon sa yo ta rapòte TRiboLAND, genyen pou wè avèk konfli tè.

Nan kad yon parèy dràm, lapolis ak lajistis pa ko janm prosede ak arestasyon pesòn. Nap raple, depi kèk ane, pat genyen prezans polisye nan komisarya Bonbon a; depi aprè moun nan popilasyon an te boule komisarya a, akoz yon ajan PNH ki te touye yon minè ki te genyen yon zam jwèt nan men’l.

Kidonk, se Grandans ki livre a limenm; sa ki bay posibilite pou atoufè tout plim tout plimaj komèt krim yo vle. Nan sans sa, moun serye mande kominote entènasyonal lan, òganizasyon dwa moun yo, ak leta santral di yon mo pou mete fren nan machin enfènal yo. Kap bwè sans inosan san rete atravè tout repiblik la.




Comments are closed.