Posesis anrejistreman elektè yo ap vanse nan komin Wozo.

08 – 07 – 2026
Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Malgre konsèy elektoral pwovizwa a pa fè sansibizasyon masiv pou sansibilize sitwayènn ak sitwayen yo sou posesis anrejistreman ak chanjman adrès pou pou deplase entènn yo, kèk rezidan fè deplasman nan komin Wozo pou al enskri ak konfime sant ak biwo, kote ke yo ap genyen pou yo vote.
Moun sa yo ki fè deplasman ak anpil rezèv sou realizasyon bon jan eleksyon lib, onèt ak demokratik, pa sèten ke gouvenman an ak tout manm konsèy elektoral pwovizwa, ki genyen nan tèt li, ansyen jounalis Jacques Derosier ap kapab tabli kondisyon demokratik ak sekiritè pou garanti bon dewoulman eleksyon yo.
Konsa, ansanm sitwayen sa yo nan komin Wozo egzije otorite konsène yo pou pwan konsyans sou enòmite mizè popilasyon an, rezoud pwoblèm ensekirite jeneralize a ki lye a yon pwoblèm sosyal; kidonk, se lè sa, yo ap kapab pale eleksyon enklisiv an kad mete peyi a sou wout nòmalite li.






