Plizyè sektè òganize nan sosyete sivil Grandans lan, plede anfavè Erick Smaky Charles, pou premye minis Dayiti.

818

04 – 14 – 2024
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Plizyè sektè òganize nan sosyete sivil Grandans lan, tankou regwoupman Sektè Sendikal Travayè Kalifye yo nan Grandans (RESETRAGA), Kòve Peyizan Grandans (KOPEGA), Asosyasyon ti Anprenè yo nan Grandans (ASEPGA) ak divès sektè plede anfavè Erick Smaky Charles pou premye minis ayisyen.

Diferan manm estrikti òganize sa yo nan sosyete sivil Grandans lan, ankouraje yon demach ki vize kapasite ak formasyon pwofesionèl Erick Smaky Charles, ki se yon moun konsyan ki konnen byen pwoblèm tout kalite pèp ayisyen an .

Erick Smaky Charles, selon enfomasyon, se yon pwofesionèl nan zafè ekonomi, ansyen direktè Dwann Miragwann, Tigwav, Senmak, Pòdepè, Kap Ayisyen, e Pòtopwens. Charles se egalman yon diplomat e yon Evanjelis konsome, pou’ n site sa yo sèlman.

Ansanm sektè sa yo, mande aktè konsène yo nan blokaj peyi a, ale vit e byen ak pwosesis ki pou debloke majorite pèp ayisyen, ki lajounen kou lannwit ap pèdi lavi yo, anba ensekirite sangwen ak zam ki makonen ak grangou kaliko.

Comments are closed.