Dràm ki makònnen ak vyolans nan Anzdèno, okazyone 2 moun mouri, yon lòt blese, e san konte komisarya polis la ki pran dife

Anzdèno, Ayiti_____(TRiboLAND) Swit ak arestasyon yon endividi jodi lendi 12 me 2025 lan, yon gro katchouboumbe eklate nan komin Anzdèno, depatman Grandans peyi a. Yon parèy arestasyon bò kote polisye yo pwovoke lanmò 2 sitwayen, yon blese ak anpil deblozaj. Bò kote popilasyon an ki te ankòlè.
Siyasyon yo te vinn pi dejenere, se lè yon group moun ki te ame ak kouto tap tante atake komisarya a; konsa, yon polisye ki te wè lavi li andanje, te oblije tire; 2 moun pran bal, yon lòt blese, alòske komisarya polis la pran dife ak tout yon machin ki te estasyone devan li.
Antouka, swit ak yon parèy vyolans, otorite Grandans yo pat pran tan pou te deplwàye yon kolònn ajan UDMO ki afekte komisarya Jeremi, pou antre vinn mete lòd ou rafredi siyasyon an apremidi lendi 12 me 2025 lan nan komin Anzdèno, daprè korespondan TRiboLAND.com yo nan Jeremi.






