Espas andedan Lise Lamenè nan Senlwidinò tounen yon mazi abandone

1,092

05-29-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Se majorite lekòl piblik yo ki pap fonksyone nan komin Senlwidinò nan; depi ke pwofesè yo te anonse grèv nan enstitisypn piblik yo, sa genyen 2 a 3 mwa.

Konsa, enstitisyon an anbadone e lakou etablisman an tounen yon veritab mazi ki chaje ak gwo raje pou mare bèt sovaj ; tout pòt klas tou louvri nan yon anviwonnman ki plonje nan yon silans simityè.

Pou lekòl fondamantal Lamenè a, kòmanse nan klas kindergarten jiska nevyèm, elèv sa yo jwenn kèk kou patikilye men pou lòt klas yo se ban ak batiman an ki lekòl la.


Pou Lise Lamenè menm, yo pa gen konsiderasyon pou elèv ki pral sibi egzamen ofisyèl yo. Selon kèk paran ak elèv TRiboLAND rankontre, yo di: yo pa wè kijan yo pral abòde eprèv yo pou ane 2023 a.

Pa gen espwa pou pitit malere yo nan sistèm edikatif Nesmy Manigat a nan peyi a, daprè kèk kritik. Elèv ki te sou lakou Lamenè mande leta eske se zam pou y’al kenbe lè yo fèmen pòt lekòl yo sou pitit malerez yo.

Selon elèv nevyèm ak NS4 yo, yo pral pran beton an apati semèn kap vini la yo, pou yo pa pèdi 2500 goud yo te peye nan direksyon lise yo ak tout enèji yo bay deja pou ane lekòl la.

Comments are closed.