Yon Gwoup sendika ONA leve vwa yo kont yon desizyon Direksyon depatmantal ONA nan vil Pòdpè

114
0
Share:
TRiboLAND

08/06/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè responsab sendikal nan Biwo ONA Pòdpè te bay yon konferans pou laprès jounen mèkredi 5 dawout 2026 la pou denonse desizyon Direktris biwo a te pran pou voye sis (6) anplwaye ale nan retrèt epi revoke yon ajan sekirite.

Pandan entèvansyon li devan laprès, chèf sendika a, Josué Romel, mande Direktris la retounen sou desizyon sa yo san pèdi tan. Li fè konnen, daprè dispozisyon lalwa yo, gen kondisyon ki dwe reyini pou yon anplwaye kapab ale nan retrèt, e li estime mezi Direktris la pran yo pa respekte prensip sa yo.

Josué Romel kalifye desizyon an kòm yon mezi abitrè ki pa chita sou baz legal. Li deklare sendika a pap aksepte sa li rele yon “desizyon malatchong” kont travayè yo, epi li mande pou tout moun ki konsène yo retabli nan dwa yo.

Responsab sendikal la voye yon avètisman klè bay Direktris ONA Pòdpè a. Li fè konnen si sis anplwaye yo pa retounen nan pòs yo epi si ajan sekirite ki revoke a pa jwenn reparasyon, sendika a pral pran mezi pou fèmen biwo ONA a nan vil Pòdpè.

N ap rete tann kijan senaryo sa ap fini ant Direktris jeneral ONA ak anplwaye yo nan biwo Pòdpe a.

Share:

Leave a reply