Pwofesè PRONEC ak PSUGO nan Pòdpè pa deside pase fèt fen ane yo san yon goud Lesko

225

12/24/20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Plis pase yon ventèn anseyan PRONEC ak PSUGO ki te sòti nan divès komin nan depatman nodwès la, òganize yon sitting maten jeudi 24 desanm 2020 an devan Biwo Finans Pòdpè a pou reklame plizyè ane fòs kouraj travay yo.

Pwotestatè yo ki pa deside pase fèt fen lane yo san yon goud Lesko, t’ap lanse pawòl pimanbouk kont otorite anplas yo pou di yo ke yo pa genyen lòt pwofesyon nan men yo sòf metye fè lekòl.

Anseyan sa yo ki te an kolè, lonje dwèt jouda yo sou Muriel Lamour, yon Kad nan Biwo Finans Pòdpè a yo di ki pa vle livre chèk yo alòske yo genyen yon volim responsabilite familyàl sou do yo pandan fèt fen ane 2020.

Nap fè remake, pa twò lontan, anseyan PRONEC ak psugo sa yo te okipe espas Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la, dòmi leve pandan plizyè semèn pou fòse ministè Edikasyon Nasyonal reponn ak revandikasyon yo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.