Basen Ble tranble anba vyolans ame bandi sangwen Ti Bwadòm

636
0
Share:
TRiboLAND

Basen Ble, Ayiti _____(TRiboLAND) Popilasyon Basen Ble leve jounen jedi a ak gwo laperèz aprè yon atak san pitye ki fèt kote bandi Kokorat san Ras nan zòn Ti Bwadòm anvayi yo. Bandi ame yo te pran vil la kòm si pat gen okenn baryè, yo mete dife nan komisarya polis la, lokal Mèri ak plizyè antrepriz, epi yo fè plizyè zak kap kite mak nan memwa moun yo.

Nan eskalad vyolans lan, endividi sa yo te antre nan Kès Koperativ pou Lespwa (Koplès) kote yo pran plizyè moun kòm viktim. Sa ki fè mal pi plis, yo asasinen yon pwofesè ki rele Jhon Guerdy, aprè yo mete dife sou kò li. Zak sa a lakoz yon chòk nan tout kominote a, sitou nan mitan kòlèg pwofesè a ak elèv li yo.

Popilasyon an, ki te vin pran lari a pou chèche refij, oblije kite sant vil la pou al kache nan zòn rekile yo, byen lwen sèn latèrè a. Temwayaj TRiboLAND arive boske sou sou plas fè konnen anpil moun ap viv ak kè sote, pandan yo pè pou lavi yo ak lavi fanmi yo.

Malgre tout degèpisman sa yo, oken ranfò pat rive sou plas bò kote fòs lòd yo, yon sitiyasyon ki ogmante santiman pou retire kò yo nan zòn ak pwopagasyon ensekirite a ki anvayi komin nan Basen Ble. Paralèlman, bandi yo mete dife nan yon lòt komisarya nan Monrui jounen jedi a, kote gang sansal yo te deja anonse yon parèy atak, ke gouvènman konplis la te inyore.

Pou anpil moun, jounen 18 septanm 2025 lan ap rete make kòm yon jounen nwa nan listwa popilasyon Basen Ble a, yon lòt prèv ki montre a ki pwen ensekirite a ap vale teren nan depatman Nòdwès peyi a, kote Leta sangwen an pa garanti okenn pwoteksyon ak jistis.

Share:

Leave a reply