Volè zannimo nan premye seksyon Bomon rann lavi peyizan yo enposib

142
0
Share:
TRiboLAND

08 – 06 – 2026

Bomon, Ayiti_____(TRiboLAND ) Selon prezidan komisyon asanble seksyon kominal Bomon an, Pierre Marqueste Dorlus, volè dechèpiyè ak zam nan men pa sispann kòche zannimo peyizan yo nan premye seksyon Kasanèt, daprè kazèk la, seksyon an livre pou kont li fas ak absans polisye nan sant vil Bomon an, vwa pou ta genyen nan seksyon kominal yo.

Pou kazèk Dorlus leta pweske pa egziste nan seksyon; konsa, genyen yon seri desizyon li pa kapab pran pou arive konbat fenomèn ensekirite kap taye banda nan seksyon an. Kazèk la, ankouraje leta aysyen a travè lapolis ak lame, pouf è santi prezan yo nan seksyon an, nan objektif pou garanti sekirite.

Antouka moun Bomon pa konnen ki sen pou yo rele anba men bandi malfwa kap ransone e kòche zannimo yo ki se inik kanè bank peyizan yo.

Share:

Leave a reply