Trafik zam Legliz Episkopal: 2 anplwaye ministè Dèkil pran anba minòt lajistis

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon pèkizisyon ki te genyen nan tèt li jij enstriksyon Noé Pierre Massillon e ki te genyen Komisè Gouvènman bò kote Kou Dapèl, Mèt Claude Jean, 2 anplwaye nan sèvis achiv nan ministè Dèkil jwen arestasyon yo akoz enplikasyon yo nan trafik zam ki enplike legliz Episkopal Dayiti.
Enfòmasyon ke moun kapab konstate sou paj Radio Télé Métronome fè eta detansyon 2 annafè sila atravè yon korespondans paragrafe e date 10 me 2022 kote ke pè Mardoche Vil te solisite yon lèse pase ladwàn nan non legliz Episkopal Dayiti. Franchiz ladwàn sila te genyen pou wè avèk 2 kontenè ki te prezante sou fòm danre alimantè ak bataklan eskolè.
Sepandan, kontenè sila yo, aprè fouy ou enspeksyon, yo te revele ke yo te chaje avèk gro zam manman penba avèk yon latriye minisyon ki bay lawouli, daprè sa jounal aliyn lan, RTM deklare sou paj li.





