Lapolis prosede ak arestasyon 3 prezime bandi moto nan Ponsonde

271

12\03\20

Ponsonde, Latibonit_____(TRiboLAND) Li te fè anviwon 4: 40 nan aprè midi lòske yon krèy moun te kanpe ap fè zenyè sou gro deblozaj echanj kout zàm ant yon bandi ak lapolis nan zòn Patchwàl, Posonde jodi jedi 3 desanm 2020. An

Nouvèl yo fè eta de fouy lapolis tap efektye sou wout nasyonal numero 1 alòske twa nèg ki te sou moto te vle fè rezistans pou yo pat pran fouy; konsa, youn pami yo tap eseye trese lèl pou li te lage yon kite sa. Konsa, nan moman li jete’l, li tire sou polisye yo ki te riposte avèk fraka e krible sispèk la anba katouch.

Fòs lòd Latibonit yo te oblije prosede ak aresta 3 chofè moto sa yo ki genyen youn pami yo ki pi pre lanm`o ke lavi, daprè plizyè sitwayen Ponsonde.

Comments are closed.