Daprè Pastè Poliard Pierre, jèn yo vle aprann, men yo pa jwenn posiblite, sa fè yo chwazi sa kap detwi yo.

1,138

02-21-2023

Basen Ble, Ayiti ___(TRiboLAND) Prezan nan dezyèm jounen fòmasyon TRiboLAND òganize nan komin Basen Ble, Pastè Poliard Pierre enpresyone de kantite jèn li wè ki gen veleyite pou aprann; malerezman yo pa jwenn ankadreman ak strikti pou yo aprann, daprè Pastè Pierre.

Fòmasyon Fondasyon TRiboLAND òganize nan komin Basen Ble a, se yon gwo zouti pou ede yo konbat ak lavi. “Lè map gade kantite jèn kap aprann la, e si travay sa fèt nan tout peyia, nou ka espere ak yon nouvèl Ayiti”, daprè Pastè Poliard ki tap depoze nan moman fòmasyon sou prodwi chimik yo.

Li tou pwofite fè yon zoum sou premyè seksyon Nerak ak Laplat kap konnen yon seri moman difisil. Zafè ensekirite a fè 2 pou 15, sa fè anpil moun oblije ap kouri kite zòn lan. Vòlè pa vle kite peyizan yo ak zannimo yo, latè pa vrèman bay anyen, sa koz moun yo ap vin pi vilnerab chak jou ki jou.

Pou konbat zafè ensekirite a, yo oblije mete yon group sou pye nan zòn Nerak ki rele santinèl pou konbat fenomèn vòlè zanimo peyizan yo, ak bare malfwa ki gen entansyon pou vin simen latwoublay nan seksyon an. Anviwon 40 jenn gason fòme kòdron santinèl sou otorizasyon otorite lokal ak nan depatman an. Yo jwenn sipò pitit Laplat ki nan dyaspora pou kenbe yo sou plan ekonomik.

Pastè Poliard Pierre fini pou di, li swete pèp la fè chwa bon dirijan ki konsyan, yon fason pou pote chanjman ki nesesè ak kontribisyon tout pitit peyia. Sitiyasyon malouk peyia ap konnen la, fè daprè li menm majorite ayisyen malad. Pandan li swete dirijan yo panche sou ka Ayiti a kap vin pi egzajere chak jou ki jou.

Comments are closed.