Okap : Majistra enterimè a favorize yon solisyon olye demolisyon Collège Regina Assumpta

08/06/2026
Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Gen divizyon opinyon ant plizyè otorite nan vil Okap sou dosye Collège Regina Assumpta, kote yon pati nan bilding lan konstwi sou yon kanal. Pandan Delege Depatmantal Nò a, Vis-Delege a, Komisè Gouvènman an ak Direksyon Depatmantal MTPTC a te bay lekòl la yon delè 48 èdtan pou demoli pati ki sou kanal la, Majistra enterimè Michel Saint Croix pran yon pozisyon diferan.
Nan yon odyo k ap sikile sou WhatsApp, majistra a fè konnen li pa dakò ak demolisyon enstitisyon an si gen yon lòt solisyon ki kapab rezoud pwoblèm kanal la san yo pa detwi lekòl la. Li esplike objektif li se pwoteje enterè piblik la pandan y ap prezève yon enstitisyon edikatif ki sèvi kominote a.
Michel Saint Croix rekonèt konstriksyon sou kanal la kapab agrave inondasyon nan kèk zòn nan vil Okap, men li kwè otorite yo ta dwe chèche yon altènativ ki pèmèt kanal la fonksyone nòmalman san demolisyon, si sa posib.
Dosye a kontinye ap pwovoke anpil deba nan vil Okap, pandan otorite yo ap chèche pi bon fason pou konbat inondasyon ak libere domèn piblik yo. Divès moun nan popilasyon wè majistra nan dènye moman sa yo tankou dan pouri ki gen fòs sou bannann mi paske si se kay yon moun san ora, li t ap gen tan libere ak li.






