SEMANAH: distribye jilè sovtaj gratis ticheri bay tout maren ak pasajè zile Latòti yo

223

09\09\2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Sèvis Maritim ak Navigasyon Dayiti (SEMANAH) branch Nòdwès, distribye nan Pò Pòdpè a, jounen mèkredi 9 septanm 2020 sa a, plis pase yon santèn jilè sovtaj bay maren ak pasajè k ap fè trajè Latòti – Pòdpè, Sen Lwi Dinò – Ofigye ak Rezolyè pou n site sa yo sèlman.

Msye Deshommes Léonel

Distribisyon sa yo, selon responsab SEMANAH branch Nòdwès la, Msye Deshommes Léonel, se pou rive sove lavi moun k ap vwayaje sou lammè sitou lè bato yo fè nofraj pandan l egzije pwofesyonèl lammè yo pou yo gen otorizasyon patans nan men yo avan yo kite pò yo ansuit fòse pasajè yo mete jilè sovtaj sou yo.

Benefisyè jilè sovtaj sa yo (pasaje yo sitou) bat gwo bravo lakontantman pou yon tèl jès e tou deklare “mouri nan lammè pa janm gen viktwa sou yo ankò paske yo tout deside pote jilè sovtaj sou yo sitou lè yo pral travèse dlo sale a ki pa yon bagay ki mens!.

SEMANAH branch Nòdwès pran tout dispozisyon sa yo pou akonpanye manm ekipaj bato yo depi aprè gwo nofwaj bato Anselita sou wout dlo sale ant Sen Lwi Dinò – Ofigye mwa pase a kote ke te gen plis pase yon dizèn kretyen vivan te pèdi lavi yo.

Saint Jean Wiskis.

Comments are closed.