Jovenel Moise reponn plizyè kesyon enterè nasyonal sou Radio Télé Métropole

259

11\09\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon enterview ke li bay Radio Tele Métropole sou emisyon “Le Point” avèk jounalis Luckner Garraud e ki dure 1 èd tan ak 30 minut, chèf deta Jovenel Moise reponn yon latriye kesyon ki notamman baze sou divès dekrè kap anfoudwaye peyi a pi plis toujou e kritik yo estime ke gouvènman ap pran yon rout diktatè fas ak yon seri demach ki san provizyon legal ou ki anemi an modalite konstitisyonèl.

Kesyon tankou sou bat mankè ekonomik peyi a, ensekirite ou absans leta, jisti, eleksyon prezidansyèl, chanjman sou konstitisyon peyi a e latriye; yo tout te adrese avèk anpil pètinans mè nan respè.

Jovenel Moise ki fè yon pakèt tou bouyon fas ak yon seri kesyon ki genyen yon enterè nasyonal, pat manke trese lèl nan chèche konvenk popilasyon an sou yon seri dispozitif ke li panse kap bon pou peyi a.

Li fè egalman anpil rale vini tou sou yon group ke li rele diktatè ekonomik ou fòs envizib ki vle tout pou yo e ki alafwa ap souse peyi a depi sou asasina papa nasyon an. Anfen, chèf la kontinye pou li di ke “se sèl Bondye sèlman ki kapab dirije peyi Dayiti ak yon parèy konstitisyon.” Pou lokatè Palè nasyonal la, Konstitisyon aktyèl peyi a se yon manje ranje; “li se yon kontra koripsyon,” ki mete mas defavorize a andeyò de tout sa li ta dwe jwen kòm pèp.”

Jovenel ki pa vle ke yo konsidere’l kòm moun kap erije’l an pèp, ou byen pran pretèks ke se pèp l’ap defann pou regle afè pa li, pat reyisi repon kèk kesyon jounalis Garraud ki te gen pou wè avèk senserite ki pa genyen lakay li lè li chita ak moun; ak akizasyon kòripsyon ki pandye sou tèt li e egalman evalyasyon (leadership) sou pouvwa konvokasyon ke li genyen antan ke leader ki pa arive fè de li menm yon rasanblè pou reyini tout moun. Prezidan PHTK a, konfime ke tout obstak gouvènman’l jwen avèk opozisyon fawouch, yo tout gen pou wè avèk yon sèl mo, “refòm.”

Prezidan Jovenel ki ta sanble vle ale jiskobou ak chanjman konstitisyon an e eleksyon pou yon nouvo gouvènman nan tèt peyi a, detèmine pou kontinye koupe tèt koulèv plizyè tèt la e envite diferan jwè nan opozisyon an rejwèn li yon fason pou peyi a eradike sistèm peze souse ak atoufè sa ki pran leta peyi a an notàj.

Comments are closed.