Pastè Saincyla Clautaire lanse yon gwo kout rèl bay leta lokal ak santral pou yo fè entèvansyon nan rivyè ladig ak pon an.

08 – 06 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Reveran pastè Saincyla Clautaire rankontre laprès jodi jedi 06 dawout 2026 lan, nan kad yon interview nan lakou tribinal premye enstans sivil jiridiksyon Tigwav la. Pou redi zorèy leta lokal ak santral atravè MTPTC pou fè entèvansyon nan pon an ak rivyè Ladig Tigwav.
Pastè legliz Bondye a, raple otorite yo peryòd siklonik lan demare depi premye jen pase a, depi lè sa a, se gwo lapli kap tonbe san rete sou komin nan. Sitiyasyon sa a, lage gwo kè sote lakay moun nan popilasyon tigwavyèn nan kote chak fwa yo wè tan an mare figi li, yap domi yon je louvri, yon je fèmen.
Òm Bondye a, repwoche responsab yo nan leta ayisyen li di ki pa pran responsabilite yo devan ravaj rivyè Ladig ap fè depi nan pasaj ouwagan Melisa sou komin Tigwav, sa genyen plis pase yon lane.
Li enpòtan pou nou raplew, depi aprè pasaj ouwagan Melisa nan lannwit madi 28 pou louvri mèkredi 29 oktòb 2025 pase a, kote siklòn sila a te touye plis pase 20 moun, timoun melanje ak granmoun epi kraze anviwon 300 kay e andomaje yon santèn lòt san konte divès tèt bèt peyizan yo ki ale nan lanmè.
Gouvènman Alix Didier Fils Aime kontinye fè pwomès po pistaj, li koutinye ap woule sitwayèn ak sitwayen yo nan farin, san jamè amelyore soufrans yo.






