Yon kamyon chavire sou yon pickup sou wout Nasyonal nimewo 2 a nan Tigwav.

164
0
Share:
TRiboLAND

10 – 28 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon kamyon k’ap transpote machandiz nan komin Leyogan, chavire sou yon pickup nan zòn Kafou André Dicette, wout Nasyonal nimewo 2 a, nan komin Tigwav aprèmidi mèkredi 28 oktòb 2026 lan.

Selon temwen ak zenyè ki te prezan, aksidan sikilasyon sila rive, nan moman yon kamyon ki t’ap frekante wout Nasyonal nimewo 2 a, fè plizyè balan e arive chavire sou yon ti pickup chaje pasajè akoz move wout klopi klopan, li rive tonbe sou yo ti pickup ki chaje pasajè.

Fòk nou siyale, pa genyen moun ki mouri men sepandan genyen anpil ladan yo ki blese grav; yo kouri avèk yo nan ijans lopital jeneral Nòtredam Tigwav la, yon fason pou yo resevwa swen ka yo nesesite.

Antretan, divès sitwayen pwofite yon parèy dram, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse epi salanbe otorite leta ayisyen atravè biwo travo piblik rejyonal la, yo di ki detounen lajan ki te debloke pou fè twonson wout kote kamyon tonbe sou pickup la. Yo estime se yon seri eleman neglijab ak ti paserye ki pa arive soulaje soufrans chofè, pasjè ak lòt moun k’ap frekante espas wout sila a.

Share:

Leave a reply