Manm katèl minisipal pwovizwa yo ka pèdi dwa pou patisipe nan eleksyon yo si yo pa respekte delè demisyon an

61
0
Share:
TRiboLAND

08/06/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND)Manm kartèl minisipal pwovizwa yo pa ka patisipe nan pwochen eleksyon yo si yo pa respekte dispozisyon ki prevwa nan atik 388 Dekrè Elektoral la.

Dapre sa atik la presize, tout ajan egzekitif pwovizwa ki gen entansyon prezante kandidati yo dwe remèt demisyon yo omwen de (2) mwa anvan ouvèti peryòd enskripsyon kandida yo. Si yo pa respekte delè sa a, kandidati yo ap deklare iresevab, sa vle di yo pap ka patisipe nan eleksyon an.

Lè nou konnen gen sèlman 14 jou ki rete anvan ouvèti peryòd enskripsyon kandida yo, jan Dekrè Elektoral ki te pibliye 27 jiyè 2026 la prevwa. Sa vle di delè legal pou demisyon an deja depase pou nenpòt ajan egzekitif pwovizwa ki ta vle antre nan kous elektoral la.

Anpil moun poze kesyon, èske potansyèl kandida ki ap okipe aktyèlman fonksyon ajan egzekitif yo abandone pwosesis elektoral la? Oubyen se paske yo konnen tout bon pap gen eleksyon vre nan peyia?

TRiboLAND Média Network ap kontinye bouske tout detay sou zafè potansyèl òganizasyon eleksyon nan peyia pote pou tout lektè li yo nan bon ti mamit.

Share:

Leave a reply