Yon moun mouri, 3 lòt blese grav, nan yon aksidan sikilasyon nan lokalite Koud nan Ma Kab Destre ba Mòn Tapyon 12èm seksyon kominal Tigwav.

07 – 05 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon moun mouri, 3 lòt blese grav, nan yon aksidan sikilasyon ki fèt byen bonè maten vandredi 05 jiyè 2024 la, nan lokalite Ma Kab Destre Ba Mòn Tapyon, 12èm seksyon kominal Tigwav.
Selon yon travayè ki tap tante bay esplikasyon, konfime se kamyon trailer 10 kawoutchou koulè vèt, plak TM 08965, ki tap soti nan direksyon Pòtoprèns e ki tap transpòte materyo konstwiksyon nan Gransid peyi a. Rive nan Mòn Tapyon veyikil la ta pèdi fren, malgre manèv trese lèl chofè, li pa rive genyen kontwòl trailer a ki ta pral chavire 10 wou anlè. Konsa, yon malere travayè mouri sou plas, 3 lòt blese grav pami yo chofè ki tap kondwi kamyon an.

Li enpòtan pou siyale, moun ki mouri a, toujou rete anba kamyon an, 3 moun ki blese yo, yo tranpòte yo lopital pou al resevwa swen ka yo nesesite. Jij Depè pou fè konsta legal yo, poko fè santi prezans li; sepandan lapolis sou plas ap fasilite sikilasyon fèt san pwoblèm.






