Sispèk ki te touye madanm li nan Jakmèl tonbe nan men popilasyon an epi remèt bay lapolis

69
0
Share:
TRiboLAND

08/04/2026

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Sitwayen nan lokalite Tè Blanch, nan Lamontay, Jakmèl, mete men sou Justin Duffault maten lendi 3 dawout 2026 la, epi remèt li bay otorite lapolis yo pou reponn kesyon sou zak yo repwoche li a.

Dapre enfòmasyon ki disponib, Justin Duffault te pran lafwit depi apre yo akize l dèske li te touye madanm li, Pascal Antoine, ak plizyè kout kouto nan dat lendi 27 jiyè 2026 pase a, nan vil Jakmèl. Dram sa a te boulvèse fanmi viktim nan ansanm ak tout popilasyon an, pandan otorite yo t ap chèche sispèk la.

Apre plizyè jou kache, se vijilans sitwayen nan zòn Tè Blanch ki pèmèt yo lokalize Justin Duffault. Olye yo te fè jistis pa yo, yo chwazi remèt li bay fòs lòd yo pou lajistis kapab fè travay li jan lalwa mande sa.

Dosye a kounye a nan men otorite jidisyè yo, ki gen responsablite pou mennen ankèt sou tout sikonstans ki antoure asasina Pascal Antoine a epi pran mezi legal ki nesesè kont sispèk la, selon rezilta ankèt la.

Share:

Leave a reply