“Cénacle des journalistes du Sud-est” selebre jounen mondyal libète Laprès atravè yon konferans

811


05 – 05 -2024

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) “Cénacle des journalistes du Sud-est” selebre jounen mondyal libète Laprès jounen samdi 04 me 2024 la, atravè yon konferans deba nan lokal Alyans Fransèz, Jakmèl. Konferans deba sila te chita sou tèm: “Responsablite Laprès fas ak anje chanjman klimatik”, ki te gen kòm konferansye Direktè depatmantal Anviwonnman Nip lan, ak PDG Impulse Web Media, Lovely Stanley Numa.

Divès Jounalis Medya anliyn ak Medya tradisyonèl nan depatman an te prezan nan gran jounen sa, Prezidan Cenacle la, pwofite okazyon sila pou pale ak kolaboratè Laprès yo pandan li mande yo pou poze bon jan aksyon ak sansiblize popilasyon an sou chanjman klimatik la.

Laprès se yon antite enpòtan ki kapab kontribye nan chanjman peyia, se tout jounalis ki pou pran responsablite yo, daprè sa yon patisipan deklare.

Jounalis Bazelaire Laguerre ki te jwe wòl moderatè pat kache santiman satisfaksyon-l pou reyisit aktivite sila. Pou gen yon mond jis ak ekitab, sa mande enplikasyon tout moun.

Comments are closed.