Eleksyon an Ayiti : KEP lanse fòmasyon pou 451 Ajan Sekirite Elektoral nan Sidès

07/10/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Jakmèl, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) demare 3 jounen fòmasyon pou Ajan Sekirite Elektoral (ASE) yo nan depatman Sidès la. Fòmasyon sila k ap dewoule nan Lise J.M. Henriquez ki nan vil Jakmèl, kòmanse jedi 9 pou al bout samdi 11 jiyè 2026 la. Objektif la se prepare ajan yo pou akonpaye Ajan Rejis Elektoral yo pandan operasyon enskripsyon elektè yo atravè depatman an.
Dapre vis-prezidan Biwo Elektoral Depatmantal (BED) Sidès la, Mèt Davilmar Samedi, se yon total 451 ajan ki ap patisipe nan fòmasyon sa a. Li fè konnen ajan yo pral resevwa konesans sou fason pou jere elektè yo, òganize espas sant enskripsyon yo, epi asire bon fonksyònman operasyon yo nan yon klima ki favorab.
Responsab BED la presize tou ke fòmasyon an mete aksan sou konpòtman pwofesyonèl ajan yo dwe adopte lè gen ensidan, ansanm ak teknik pou prepare rapò sou tout evènman ki ta rive pandan misyon yo. Inisyativ sa a antre nan kad preparasyon KEP la pou garanti yon pwosesis enskripsyon elektoral ki pi òdone, pi an sekirite, epi ki kapab ranfòse konfyans sitwayen yo nan pwosesis elektoral la.






