Manifestasyon solidarite pou reklame jistis pou imigran ayisyen yo nan Sensinati

TRiboLAND.com
Yè dimanch 2 dawou a, se te tèt chaje ak emosyon nan Sensinati, Oayo. Yon gwo group sitwayen ameriken ki soti nan divès òganizasyon sosyal ak relijyez te rasanble avèk yon sèl objektif: pou konteste yon inisyativ ki ta vize pou mete braslè elektwonik nan pye migran ayisyen yo. Moun sa yo ki tap chante avèk afich, drapo, afich ak mizik ki te ranpli kè yo bon sans solidarite ak jistis.
Manifestan yo te anime avèk kè kontan pou yo te ekspwime apwasyasyon yo anfavè imigran ayisyen yo, e montre yo pa danse kole ak kalite tretman ICE ap enflije gwoup etnik sila. Yon konsidere tretman sa yo vize pou diminye dinyite malerèz sa yo ki deja nan sitiyasyon difisil. Pwotestatè yo te kanpe devan sant ICE la pandan yon bon bout tan e yo tap klewonnen mesaj ki tap denonse itilizasyon bwaslè elektwonik ki vyole dwa moun ak libète fondamantal yo.
Nan mitan foul la, te gen moun ki te pote foto ak pawòl ki te rakonte istwa migran ayisyen yo, avèk yon apèl pou plis konpasyon ak jistis. Yo te voye mesaj rekonfò bay chak ayisyen ki te soti ak braslè elektwonik nan pye yo, pou montre ke yo pa pou kont yo nan sa a, e ke kominote a kanpe ak yo nan moman difisil sila.
Manifestasyon sa a te plis pase yon pwotestasyon; li te yon ekspresyon solidarite ak yon apèl pou reflechi sou fason peyi yo trete moun kap chèche lavi miyò, e sou nesesite pou respekte dwa fondamantal moun, san distenksyon. Li te yon moman kote kè moun yo te chaje ak emosyon, men ki te tou ranpli ak espwa pou yon chanjman pozitif nan politik ak pratik ki gen pou wè ak migrasyon nan peyi blan meriken.






