Avoka Erold Férus atire atansyon otorite yo nan komin Tigwav sou sitiyasyon vil la, li kwè ki sou wout pou disparèt.

03 – 01 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan yon interview li akòde bay TRIBOLAND samdi 28 févriye 2026 lan, avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Erold Férus soti nan silans li pou l atire atansyon otorite yo nan komin Tigwav sou sitiyasyon vil la, li di ki sou wout pou disparèt, fas ak trafik gwo Kamyon yo kap transpòte machandiz kap pase sou bato, e soti Pòtoprens pou rive sou waf Tigwav la.
Avoka Férus denonse gwo malè pandye li di ki lage sou tèt paran kap mennen timoun yo lekòl, fas ak chofè kamyon yo kap defile nan moman lekòl yo ak gwo gaz. Yon sitiyasyon ki lage gwo enkyetid bò kote fanmiy yo, daprè òm delwa a. Li ankouraje konsèy minisipal la, pran responsabilite li pou bay chofè kamyon yo limit yo ak yon orè ki fikse lè pou kamyon yo deplase pran lari aprè timoun yo fin rantre lekòl.
Yon lòt bò, mèt Erold Férus denonse ensalibrite li di chofè ap fè depi lè yo arive nan vil la, tankou: lage chasè matyè fekal nan rigòl yo, benyen nan lari jan manman yo te fè yo elatriye… Li konseye ajan egzekitif enterimè yo nan meri a, pou yo konstwi yon blòk sanitè nan lajan chofè yo peye taks, pou fasilite yo jwen yon espas pou yo benyen epi fè bezwen yo, yon fason pou yo sispan’n sal vil Tigwav.






