Pwotestasyon: gwo tansyon nan antre prensipal vil Hench ak Meri a

278

Hench____(TRiboLAND) Vag protestasyon kont yon seri rekondiksyon ansyen majistra pou devni ajan enterimè egzekitif la pa sispann ap degaje flanm dife atravè peyi a. Byen bonè maten an, antre prensipal vil Hench lan ofri yon imaj barikad an kwa ki gen enpak “va e vyen” sou trafik lokal la.

Devan antre Meri Hench lan se prèske menm konsta, gwo flam kawoutchou ap paweze yon fason pou eksprime rejeksyon chwa gouvènnman Moise-Jouthe la pou rekondwi yon katèl san nanm ke popilasyon an estime ki pat ditou itil, alòske majistra asesè a, Mimose Placide deja bay demisyon’l yon faso pou demontre ke li pa enterese travay ak majistra prensipal komen Hench lan.

Nap sinyale, nan yon lokalite ki rele “Pont Hinquitte” te gen egalman gwo bout bwa ak wòch ki depoze an kwa nan objektif pou denonse Jonel Jean Baptiste kòm Alatèt komisyon munisipal la.

Comments are closed.