WANAMENT : Inisyativ solidarite pou ede yon manman ak 2 timoun bandi te fòse kite lakay yo

214
0
Share:
TRiboLAND

01/05/2026

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen angaje nan vil Wanament deside mete men ansanm pou pote sekou bay Bazile Esterline, yon fanm malerez ak de (2) timoun, bandi te fòse kite lakay yo nan zòn Maryani. Inisyativ solidarite sa a lanse sou lobedyans Guempcy Joseph ak Previl Hérold, ki pran desizyon aji devan mizè fanmi an ap viv la.

Nan kad yon ranmase lajan ki te fèt yè dimanch 4 janvye 2026 la, gwoup la rive ranmase 67 275 goud, yon kontribisyon ki montre volonte ak sans solidarite sitwayen yo genyen. Lajan sa a vize ede Madam Bazile Esterline, ki t ap dòmi nan lari ansanm ak de timoun li yo, apre yo te oblije kouri kite kay yo san okenn asistans.

Manm gwoup sitwayen sa yo, ki abitye frekante zòn Kris Wa, kote madanm lan ak timoun yo konn chita, eksplike se sitiyasyon dramatik fanmi an ki te pouse yo pran inisyativ sa a. Yo estime li enpòtan pou lonje men bay yon manman ki san pwoteksyon, pou ede l jwenn yon kote ki pi diy pou l rete ak timoun li yo.

Gwoup la anonse yap kontinye ranmase lajan ak tout transparans, nan objektif pou ede fanmi an jwenn yon kote pou dòmi, epi soutni Madam Bazile Esterline pou li ka mete sou pye yon aktivite ekonomik ki kapab pèmèt li reprann lavi l nan diyite ansanm ak pitit li yo.

Share:

Leave a reply