Ansyen polisyè Yanick Joseph kouri kite lakay li pou bandi, pandan plizyè lòt ap pouse gwo kri pou fanmi yo ki an difikilte.

846

09-02-2023

Pòtoprens, Ayiti__( TRiboLAND) Fenomèn ensekirite a nan kapital peyi Dayiti pa epanye pèsòn. Ansyèn polisyè Yanick Joseph, ki t ap goumen pou enplantasyon yon sendika andedan lapolis la, kouri kite lakay li pou bandi k ap bay zòn nan gwo sakad, pandan plizyè lòt kòlèg li ap pouse gwo kri pou fanmiy yo ki an detrès.

Yanick Joseph ki t ap pale nan yon videyo fè konnen, se pote lap pote ale, men li pa konn kote l ap fè paske yo lagel 2 bwa balanse.

Antouka, anpil kesyon ap poze pou konnen, ki yès, ki zòn, ki pwochen gwoup ki pral pwochen viktim nan paske peyi Dayiti vin tounen yon jing kap manje pwòp pitit li.

Comments are closed.