Mèri Pòdpe lanse operasyon pou libere espas piblik Ri D. Estimé ak Ri Dikè

08 – 03 – 2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Pòdpe mete an aplikasyon, lendi 3 dawout 2026 la, operasyon li te anonse depi nan wikenn lan pou libere Ri D. Estimé ak Ri Dikè, de (2) gwo aks ki enpòtan pou sikilasyon nan vil la. Anons la te deja fèt atravè yon Truck Sound ki te fè wonn nan komin nan pou enfòme popilasyon an.
Depi byen bonè nan maten, Majistra Ralph Moreau, Direktè Mèri a, Jacques Alainichaud ansanm ak manm komisyon minisipal la ak plizyè ajan, te mobilize sou teren an pou fè respekte mezi yo. Objektif operasyon an se retire tout antrav ki okipe espas piblik yo, amelyore sikilasyon, epi ede vil la reprann bèl aparans li.
Dapre responsab minisipalite a, inisyativ sa a fè pati yon seri aksyon k ap fèt pou bay Site Kapwa Lamò yon nouvo vizaj, kote lòd, pwòpte ak bon jan òganizasyon pral vin tounen priyorite.
Majistra Ralph Moreau lanse yon apèl bay tout sitwayen nan komin Pòdpe a pou kolabore ak Mèri a nan efò sa a. Li mande machann yo, chofè yo, pwopriyetè biznis yo ak tout lòt rezidan yo pou respekte dispozisyon minisipalite a, nan enterè devlopman vil la.
Li pwofite envite tou tout pitit Pòdpe ki nan dyaspora a pou kontinye sipòte inisyativ ki kapab kontribye nan transfòmasyon ak modènizasyon komin nan.
Avèk operasyon sa a, Mèri Pòdpe montre volonte li pou retabli lòd nan espas piblik yo epi mete baz pou yon vil ki pi pwòp, pi òganize ak pi agreyab pou tout moun.






