Asasinay Jovenel Moise : Otorite yo ap chèche tankou chyen fou 3 lòt sispèk ayisyen

428

07/13/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal mete deyò jodi madi 13 jwiyè 2021 an, nouyo avi rechèch dèyè ansyen senatè depatman Lwès pou PHTK, John Joel Joseph, Jaar Rodolphe ki gen ti non jwèt li “Dòdòf” ak Badio Joseph Félix.

Se yon seri rechèch ki kontinye antre nan kàd ankèt sou zàk asasinay yon kòmando kolonbyen  ak kòkòday ayisyen sou pwzidan defakto Jovenel Moise lakay li nan Pèleren 5, Petyonvil, 7 jwiyè 2021.

Sèvis entelijans peyyi Dayiti ap chèche sitwayen ayisyen sa yo tankou chyen fou akoz yo ta genyen men yo tranpe nan asasinay ak tantativ asasinay ak vòl men ame.

Comments are closed.