Jan sa te anonse, 7è Edisyon jounen liv ERRA se yon reyisit

842

04 – 22 -2024

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounen dimanch 21 avril 2024 la, “Espace de Réflexion, de Recherche et d’Action” (ERRA) reyisi 7è Edisyon jounen liv nan lekòl Nasyonal Sen Jozèf (kay frè a). Yon aktivite ki toujou byen prepare e dekoule sou siksè enpwesyonan.


17 panèl ki tap travay sou 17 liv pou prezante bay gran piblik la, te mete anfaz sou enpòtans ki genyen pou yo li liv sa yo. Enspektè Michel Fednel ki te bay pwopo pou ouvè aktivite sila, mande piblik la, tout elèv, anseyan, inivèsitè, paran, elatriye pou toujou enterese ak aktivite ki lye ak lèkti.

Aktivite sa toujou reyalize nan site Kapwa Lamò a, pou mete an valè liv ki se yon aki pou ogmante konesans moun. Divès moun te prezan pou asiste yon parèy sòlòkòtò, pami yo ou jwenn reprezantan PNH la, Direktè depatmantal MJSAC Nòdwès, Joseph Walkens.



Comments are closed.