Eskandal koripsyon nan DINEPA Pòdpè a, yon rankont òganize plizyè anplwaye pa satisfè

889


05 – 09 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè gwo bwi koripsyon ki pete nan biwo DINEPA Pòdpè a depi plizyè jou, 2 responsab nan Gran Nò a òganize yon rankont maten jedi 09 me 2024 la kote anpil anplwaye pa satisfè fason dewouleman yon parèy chita tande te reyalize. Responsab sa yo ki soti Okap mande relvè yo pou kontinye fè travay yo sou teren, pandan damach pou konnen sak pase a, ap kontinye.

Mòd entèvansyon sa pèmèt relvè yo bougonnen, akoz yo santi se travay yap travay tankou bourik pou chwal ap galonnen. Relvè yo se moun kap kontwole kontè lakay moun, ak ranmase lajan pou pote nan biwo a.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal nouvè TRiboLAND, plis pase 30 milyon Goud ki fè wout krochi pèmèt Kontab la, Renaldo Herard ak Dieudonné Jean Robert ki responsab al depoze lajan Labank an kaval depi plizyè jou.

Jij Maxime Dumargène te fè konsta nan biwo DINEPA Pòdpè a, yè mèkredi 08 me 2024 la pou konstate kantite deriv yo konn itilize pou tronpe vijilans biwo a selon yon sous pwòch. Men oken detay poko soti sou kantite magogo eskanmòtè yo detounen anndan biwo a.

Comments are closed.